Solèy, vag lanmè ak pwomès Sen-Valanten

Se yon powèm Ansky Hilaire, manm mouvman literè, atistik, sosyal ak politik ki pote non Renouveau.

lanmè tanpri souple
kale m vag non

m fatige ekri non n sou sab la
pou nenpòt ti bri pye
pa fè n bliye ki jou n fèt

m fatige tande vwa n
k ap jwe marèl nan silans lan
chak pa n sote yon chif
di manman m syèl pa pou malere
pye n te gentan chape

jiskaske minwi bat ba..
ayèreswa ankò
lannwit lan pa pwente
douvan pòt la vid
kou riyèl alèt ak bò simityè
tout ti fèy bwen yo
— fè pòtrè souri n ansanm
lanne pase pa lanne sila

jodi a s on lòt jou
bajoukase
sole pouse pwèl
maten an ankò
jounen an pa pwente

lanmè tanpri souple
kalè m vag non

m fatige wè n k ap
disparèt sou twal lorizon
tankou yon pwomès
senvalanten

anskyhilaire

CP : CLZ

Share this content:

Ansky Hilaire, écrivain haïtien contemporain, explore l'identité et la culture haïtienne à travers ses œuvres littéraires et poétiques. En 2020, il a remporté le prix de Palmes Magazine de l’écrivain de la région. Juriste, journaliste, enseignant et titulaire d'un certificat en Rédaction de propositions de Subventions (ACP) au programme Transcultura de l'UNESCO.

You May Have Missed