Mibalè
Se yon powèm Smeev Jerry, manm mouvman literè, atistik, sosyal ak politik ki pote non Renouveau. Se yon gout dlo je powèt la pou lavil Mibalè.
Manman
Jodi a m pèdi yon grenn dan
jansiv mwen kwoke
nan yon pòm betonyè m te premye
pami yon milyon petal woz wouj
jodi a m se yon lonbrit san batistèsitwayen dimonn se diskou sanwont
pa okipe foli save yoManman
prentan pa deklare pou plant petevi
rasin mwen kwochi
tankou vètèm lage san vil nan yon peyi
ki gen menm sant ak rigòl
si m souri
se pou m teste nivo bègwè bouch mwenlajounen inosan adje
se nan fon lannuit Mibalè boule
tout zetwal ki pa tchipe lafimen
ka sèvi m temwen okilèManman
m pa espere travèse boulva a ankò
si se pa de pye devan
vil sa pa premye vil m pèdi
men malerezman
m pa ka chanje anfans mwen plas
CP : Bèl Moun Mibalè
Share this content: