Kouto, zegwi, nat pit, dra blan ak po koulèv

« Lannwit ki sot pase a, se pi gwo chay mwen pote. Se pou sa m deside pataje 3 powèm sa yo ak nou pou n ka wè nan ki eta solèy la leve jwenn mwen maten an. » — Ansky Hilaire

14 fevriye

ban m yon ti nat pit
ak yon boukè flè
yon bèl dra blan
pou vlope kè m

aprèsa madanm […]
fout kite m anrepo
ak koze renmen w lan

sezon pase a
yo kòche m
tankou ti kochon envalib
bò labatwa

e si w ta wè m
ap flannen tèt atè
figi imakile
di manman m se pa mwen
yo pran zonbi m
depi 14 fevriye

kouto zegwi ak po koulèv

grate kouto file zegwi
pa gen po koulèv ki bon pou kenn maladi
san zoranj si san epis
yo sizonnen kwabosal
nou pa ka konte konbyen rèl ki boule
rèv timoun granri ki pase nan lafimen bal pèdi

konbyen nen ki bouche
pou konbyen dlo santi yo fòse ri lantèman vale
konbyen maten yo asasinen
sou potay yogann de anba nawè m
m a di nou pou konbyen powèm
ki pa gentan rantre ta yèswa

anpil ka pete san maladi
nan vilay kote yo akeyi chen
moun peyi toma tonbe tankou grenn lapli
lèzòt yo di se kansè ki lakòz

kouto zegwi po koulèv

Di manman m

di manman m pou mwen
se sou do pye m sezon yo fè pipi
di l tou – lavil la frèt kou nen chen
ti klè moute ti klè desann
youn kou lòt pa t sifi pou biye
revandikasyon madan kolo

alèkile — vye asòs mwen
pretan pa pote pwomès ankò
mamit renmen pou tèt pa l koule
tout flanm kè etenn sou dife

pati douvanjou anba lawouze
ak tout rekòt la van bwote
di manman m pou mwen souple
ete l la te gentan plwaye tant li
anvan menm zenit taye banda l

lochide tankou choublak
tonbe de pye douvan nan papòt letènite
se otòm kanmenm kanmarad
pòtoprens kapab bliye
men mwen — m fout sonje

di manman pou mwen tou
sezon yo moute yo desann
— do zye w pa janm fane
e poutan poutan poutan
tankou aznavou ta ka chante l
tout kout frèt pasipale w tande a
do pye ivè a boule nan sole cho

Share this content:

Ansky Hilaire, écrivain haïtien contemporain, explore l'identité et la culture haïtienne à travers ses œuvres littéraires et poétiques. En 2020, il a remporté le prix de Palmes Magazine de l’écrivain de la région. Juriste, journaliste, enseignant et titulaire d'un certificat en Rédaction de propositions de Subventions (ACP) au programme Transcultura de l'UNESCO.

You May Have Missed