« Djoumba pou dlo ble » – André Fouad
Nan rekèy powèm li a, Djoumba pou dlo ble, ki parèt nan lane 2024, powèt André Fouad mennen nou nan yon plonje pwezi kote lanmè, eleman santral nan lavi ayisyen, tounen yon senbòl libète, memwa ak rezistans. Avèk mo li yo an kreyòl, li envite nou reflechi sou egzistans, idantite ak eritaj kiltirèl pèp ayisyen an.
« Lanmè a tèlman bèl li jouke m / Jiskaske mwen vin pòtredrivayèz »…
Degi pwezi sa ki keyi nan djakout André Fouad louvri yon fenèt toudrèt ak yon inyèm sou dènye souf tan an. Nan Djoumba pou dlo ble, loseyan an vini tounen yon metafòdjougan, yon senbal libète antòtche nan yon latriye toumant. Rekèy sa a, ki te pibliye nan lanne 2024 anba lobedyans Edisyon Freda nan tchè vil Gonayiv, mennen nou nan yonserenad pwezi, kote lanmè a, eleman santral lavi ayisyen an,layite kò li pòtre Luijanboje, epi kite plas pou meditasyon sou legzistans, memwa ak lidantite.
André Fouad, yon vwa, yon powèt ki grave non li nan tabliyeliterati ayisyen an, peze kafe nan menm balans ak sila sa yo, otè sa yo ki ap tete mo niche kè plim pou pale lakilti epi pale peyi. Li fèt nan nannan vil Pòtoprens, epi jwenn enspirasyonmo nan tradisyon ak batay pèp la.
Djoumba pou dlo ble pa nan fè grandizè nan chache bout lanmè – trip foumi epi sans verite. Toudayè, nan tout fent kiapante kò liv la, lang kreyòl la se yon zouti pou rezistans, an menm tan yon kout zepòl pou lanmounite. Fouad, andidanrekèy sa a, kontinye satouyèt kòkòday ki tanmen ant lanati, limanite, ak istwa ayisyen an, pandan li ap konfime enpòtansmemwa kolektif la.
Rekèy la pran fòm kò li nan yon seri powèm ki flèch kann kòalantou tematik dlo, kote lanmè jwenn plas douvan. Chak powèm trennen nou nan yon vwayaj, pafwa obèz, pafwatrajik, men toujou pwofon. Pwogresyon tèks la luil tankouplim poul, powèm yo grandi konsa tou, soti nan refleksyonpèsonèl pou rive nan koze kremòl ki wè pi lwen linivèsèl. Sa ki pi enteran an, se fason otè a manyen chak mo pou raplefrajilite lavi moun fas ak fòs natirèl, pandan yo ap faskare tout bote ak tout fasad lanmè a.
Youn nan tèmatik ki bese leve nan Djoumba pou dlo ble se san dout lanmè a, ki parèt nan prèske chak powèm tankou yonpèsonaj ankè, tout plim tout plimay. Lanmè Fouad la, se pa jisyon dekorasyon : li enkane tout fòs pye lejè, jòkma, ki modlelavi moun.
Atravè imaj frapan-frapan, foukan-foukan tankou « Mwen niche pye vag yo toupatou », lanmè a vin tounen yon metafòvivan ak yon lago kache ki ap mande pasay pou sanzabri.
Dlo a senbolize tou pasay tan an, souvni ak loubli. Anbyansjeneral rekèy lan, se yon melanj ant melankoli ak serenite, yonbalans dirèk ant dousè ak doulè, kote chak lanm pote yon chayemosyonèl sou zepòl yo.
André Fouad manipile figi estilistik yo avèk delikatès, kreyeyon linivè kote metafò akwatik melanje ak imaj lanati epi lavichak jou nan kotidyen ayisyen an. Li sèvi ak oksimò akmetafò, nou ka di powèt la vannen kafe nan menm bichèt akmiche odas pou jan nonm nan avili mo yo. Li ale pi lwen pou li di : « Mwen s on kadav mo », pou eksprime frajilite akvilnerabilite nou menm moun. Estil sila gen yon mizikalitepwòp a pwezi kreyòl la, kote son ak mo yo raple koule ak figivag yo, epi mete aksan sikonflèks sou rit ipnotik lanmè a.
Djoumba pou dlo ble se plis pase yon senp rekèy pwezi, se yon zèv ki angaje tèt li jouk nan zo nan koze legzistans,pandan li rete kole la nan reyalite sosyal ak kiltirèl peyi d Ayiti. André Fouad eksplore epi pichkennen kondisyon imenan nan tout fasad ekolojik li, idantitè ak memwa.
Nan moman kote monn nan ap poze kesyon sou relasyon antmoun ak lanati, liv sa pran yon dimansyon wodpòte. Li rapleenpòtans pou rekonekte ak eleman fondamantal yo epiprezève memwa kolektif la.
Ekstrè tankou « Mwen niche pye vag yo toupatou / Jouk mwenayik » chematize mannigans ki ap laloz kò ant moun ak lanati, se sitou yon tèm ki fè yon latriye virewon andidan rekèy la. Vès sa yo rezime bèlte ak tout kout pwen ki pa bliye demen kipran daso Djoumba pou dlo ble, kote chak mo sanble pote pwa souf lanmè a.
Ekriti Fouad raple sa anpil gran powèt ayisyen te konnen pale dantan, tankou, konpleksite peyi Ayiti nan yon pwezi imajinèak angaje. Itilizasyon kreyòl pou akouche pwezi raple tou,enpòtans oralite ak kilti popilè ayisyen an. Jounen jodi a, menm jan ak anpil powèt ki ap ekri an kreyòl, André Fouad pote lang kreyòl la nan de pla men li, nan non lakilti, nan non lapwezi.
Travay powèt la nan tèks sila a, pa nenpòt omeli andidanlegliz. Toudaye se yon powèm long ki ekri ak de men, e kipote nan tit li « Djoumba pou dlo ble » mak men chantè-mizisyen ayisyen an, Denè Seyid (Dener Céide).
Ak Djoumba pou dlo ble, André Fouad delivre nou yon zèv kientrospektif ak inivèsèl. Rekèy powèm sa rezonnen tankouyon envitasyon jòf sou lanmè, sou tout fòm : boulvès,trankilite, legzistans moun. Nan mo li yo, Fouad reyisi metelapat sou bote frajil lavi ak lanati nan viv chak jou chakayisyen.
Se yon liv gwo gagann kòlèt debraye, an menm tan an, yonrekòmandasyon pou tout amatè pwezi ki ap chèche yon zèvnan pwofondè syèl la, ki charye kilti ak lang kreyòl la, men k ap pale tou sou nanm moun nan tout fasad legzistans li.
Share this content:
En savoir plus sur HPost5
Subscribe to get the latest posts sent to your email.
Laisser un commentaire