HPost5

Lapriyè nan bouji nwa: pou lanmou ak angajman sosyal 

Depi lontan, djakout literè ayisyen an renkenken ak bon atis ki pote yon pwofondè emosyonèl ki depase langaj òdinè a, e ki demontre kapasite pou touche kè moun atravè pawòl. Se sa k ap fèt ak liv « Lapriyè nan bouji nwa » powèt, lodyansè, Malaba Pitit Plim,  nan mond lan. Pou zèv sila a, powèt la te resevwa mansyon espesyal manm jiri « Prix international de l’invention poétique 2023 » sou zile Aimé Césaire la. Liv sa a fonn nan sansiblite, refleksyon, ak eksprepsyon sou lanmou, kilti, nan yon estil ki melanje ak lafyèv emosyon.

Deja tit liv la, « Lapriyè nan Bouji Nwa », nan tradisyon vodou a, pote yon siyifikasyon byen pwofon. Bouji nwa se bouji yo itilize anpil fwa pou maji espedisyon. Yo itilize l lè y ap travay sou regleman bawon. Yo itilize l pou vanjans nan vodou, lè yon moun fè yon lòt moun mal, lòt moun nan al pote plent devan bawon pou bawon frape moun nan. Li refere a yon moman fontounen nan lapriyè, kote moun ap chèche fè fas ak pwòp doulè l. Li se yon lapriyè pou vivan, men tou, pou moun ki ale, pou sa ki chanje, pou sa ki rete an silans nan kè nou. 


Pwezi Malaba a charye yon ton pwisan e souvan lirikal, chak vèb chaje ak yon sansiblite ki pèmèt li eksprime lanmou ak pasyon nan yon fason ki touche fon nanm moun. Se konsa, nan fant janm paj yo, lanmou souvan marye ak revandikasyon sosyal. Se nan pwezi li a li montre jan lanmou ak angajman sosyal kapab mete ansanm, tankou li ekri :

Premye jou n kwaze a / bote w frape m fò / sezisman kraze balans / kè m tankou lè kreyòl tounen zo pwason nan twit laprezidans.

Menm jan li di pi lwen : 

« Alòs di m kiyès ki p ap parye sou lanmou nou lè y aprann se Matisan nou koud pwèv damou n nan mache prese. »

Nan premye kontak la, li dekri yon lanmou ki frape ak fòs, tankou yon revolisyon enteryè ki melanje pasyon ak konfizyon, yon feblès ki pran fòs nan chak batman nan kè l. Men « Kreyòl tounen zo pwason nan twit laprezidans » se yon imaj ki plen ak chaj politikososyal.

Malaba kontinye eksplike relasyon li ak lanmou nan vèb ki chita nan pla men emosyon : 

« Se ekspre m fè m renmen w / avan kè m bat avan m konn / listwa w. »

Li revele la a yon kapasite pou renmen yon moun san konnen tout detay yo. Sa se yon lanmou ki depase yon konpreyansyon entelektyèl, yon aksyon ki baze sou santiman natirèl e ki sòti nan pwofondè kè a. Yon lanmou ki fèt nan imedya, san kondisyon, menm anvan istwa a ta kòmanse.

Malaba se yon atis ki pa senpman pwodui pwezi, men li sèvi ak atizay li pou adrese sijè sosyal grav, tankou vyolans sou fanm ak tifi. Pandan li eksprime pasyon ak lanmou nan pwezi li, li itilize tou pawòl pou fè yon apèl kont opresyon. Liv Lapriyè nan bouji nwa se tou yon refleksyon sou mond lan, sou rezistans ak dezi pou yon chanjman. Nan sans sa nou ka di pwezi li a angaje.

Pawòl yo eksplike kijan atizay, sitou pwezi, ka ede moun retire kouch kras nanm yo, epi ede yo pi byen konprann sa k ap pase nan kè yo, ozalantou yo. Li se yon metòd pou konekte avèk yon lòt moun nan nivo ki pi fon an, menm nan yon moman frajilite.

Liv « Lapriyè nan Bouji Nwa » pote tou yon narasyon ki melanje tradisyon kiltirèl, espirityalite, ak yon angajman nan lavi moun nan kominote ayisyen yo. Se nan dezyèm pati liv la, Malaba fofile lodyans yon tèks sou esans nan lavi pèp ayisyen an, yon lavi chaje ak defyans, defi, ak lit pou yon lòt kalite legzistans.

Lodyans lan nan pati sa a pote yon sètèn kalite vivans kote chak mo peze pwa yo, tankou jan sa parèt nan diskisyon ak Tètzo, Janbafre, ak lòt pèsonaj yo. Mesaj ki sòti nan konvèsasyon sa yo se yon refleksyon sou lavi ak sou sosyete a, yon egzamen sou lanmou, vyolans domestik, ak chwa pèsonèl, men tou sou konsekans aksyon nou yo. Lodyans lan tou tounen yon lòt zouti nan liv la pou adrese kesyon sosyal ak politik, sitou nan yon kontèks Ayiti kote moun ap lite pou jere relasyon yo nan yon sosyete ki souvan manke resous ak pwoteksyon.

Nan dezyèm pati sa a, Tètzo se yon imaj vivan nan lafwa, majòjon ak goumen pou kenbe yon idantite nan mitan lavi sòti nan difikilte. Li pote sou bra l tradisyon vodou ak lespri kiltirèl Ayiti, e li montre kijan lapriyè, lespwa, respè tradisyon yo gen gwo enpòtans nan lavi kèk moun nan bouk.

Boutofen, lodyans lan montre yon gwo kapasite Malaba pou pote yon vwa divèsifye nan literati ayisyen an, sèvi ak lang lan, e itilize mizik, ritm, ak pwezi pou fè lektè a santi y ap dodomeya nan yon vwayaj emosyonèl ki ale pi lwen pase senp ekriti tèks la.

Pwezi Malaba, ak tout angajman li nan tèks ak aksyon, raple nou atizay se yon fòs pou chanjman. Li se yon vwa pou sa yo ki pa ka pale, yon vwa pou sa yo ki ap soufri, e yon limyè pou moun kap chèche yon nouvo kòmansman nan lavi yo. Se yon bèl pwopo sou lanmou, sou aksyon, ak sou pèseverans.

Malaba Pitit Plim se yon jenn powèt ki pran rasin nan komin Ti Rivyè Latibonit men k ap viv Pòtoprens pou koulye a. Nan djakout atizay li, n ap jwenn Powèt, Lodyansè, Kontè, Operatè kiltirèl, Komedyen. Pyepoudre a bat mezi komin nan Ayiti nan siyen liv, anime atelye lodyans, jwe konsè ak espektak lodyans nan yon pakèt gwo Festival tankou Festival Rezistans, Festival Lapawoli, Festival Entènasyonal Literati Kreyòl, Festival des idées- Ench ap li. Li se otè 7 liv literè ak yon album CD lodyans. 

Malaba resevwa plizyè distenksyon enpòtan : li te dezyèm loreya depatmantal nan yon konkou pwezi Bibliyotèk Kominotè Dechapèl te òganize an 2018, senkyèm loreya Data Powetik an 2020. Pou lane 2023 a, li te ajoute Mansyon Espesyal nan « Prix International de l’intervention Poétique », e li te finalis nan « Prix René Depestre » an Frans. Li te Finalis Prix Capitaine Coluche, kote tèks li an pami 34 tèks jiri yo seleksyone pou yon antoloji ki apèn pibliye nan Éditions Milot, an Frans. Li se yon vwa nan lodyans k ap rebay jan sa jarèt nan peyi Dayiti. 

Share this content:


En savoir plus sur HPost5

Subscribe to get the latest posts sent to your email.

En savoir plus sur HPost5

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture